Album Cover Zanj

Zanj

Baky

5

Yo di zanj pa ka viv sou tè sa

Kisa w vin fè la? Mmmh!

Chak jou m nan lari tank on varye

M arive pran yon ban move desizyon nan lavi m

Tout moun te pè pwoche m, yo te konn sa m ye

Men m wè tout vye panse m disparèt depi w just kanpe devan mwen

Anh! Lespwa, lespwa, ou reban m

Tout moun vle kite m, ou menm ou vle tann

Lè lòt moun vle jete m, ou menm ou vle pran m

Moun tankou w ret nan syèl, poukisa ou desann?

Èske se Bondye k voye w?

Èske se vre ou egziste?

Yo di zanj pa ka viv sou tè sa

Kisa w vin fè la?

Retounen kote w soti a

Yo di zanj pa ka viv sou tè sa

Kisa w vin fè la?

Retounen kote w soti a

Ou rete avè m nan moman defèt mwen

Ou ede m kenbe lè m ap pase tray

Ou fè m wè valè m lè m pa kwè nan tèt mwen

Ou ban m direksyon lè m p ap mache drèt

Ou ede m pase, ou ede m

Pouki w vle avè m lè m ap viv n on vye kay?

Ou defann dwa m menm lè m devan Leta

Pito w retounen nan syèl, kè w twò bon moun pou ret la

Kè w pwòp, ou ret avè menm lè s on nèg pòv

Ou aprann mwen li lè lòt t ap di m sòt

Ouvri kè w lè yonn pa t ban m bò

Oh, Lord!

Èske se Bondye k voye w?

Èske se vre ou egziste?

Yo di zanj pa ka viv sou tè sa

Kisa w vin fè la?

Retounen kote w soti a

Yo di zanj pa ka viv sou tè sa

Kisa w vin fè la?

Retounen kote w soti a

Lagu lain oleh Baky